Skip to content

Abraram se youn nan karaktè kle nan Ansyen Testaman an ki ede nou byen konpwann levanjil la. Genyen 4000 ane de sa, li te konn vwayaje sòti nan peyi ki rele IRAK pou-l ale nan peyi Izrayèl.  Bondye te pwomèt li yon pitit gason kit te dwe tounen yon gwo nasyon, men li te genyen pou li rete tan-n anpil jiskaske li fi-n yon vye gran moun anvan pou-l wè pitit gason sa-a fèt.

Jwif yo ak Arab yo jodi-a sòti nan Abraram e se konsa nou konnen sa Bondye te pwomèt la rive tout bon vre e ke genyen yon moun kle nan listwa kòm papa nasyon yo jodi-a.

Abraram te kontan anpil lè li gade pitit li Izarak vini yon gwo gason. Lè sa-a Bondye sonde Abraram nan yon fason dwòl: Bondye di:

-Pran Izarak, pitit ou a, sèl pitit gason ou genyen an, pitit ou renmen anpil la. Ale nan peyi Morija, w’a moute sou tèt mòn mwen pral moutre ou la. Lè w’a rive la, w’a touye l’. Apre sa, w’a boule l’ nèt pou mwen. (Jenèz 22:2)

Bagay sa-a difisil anpil pou konpwan-n. Poukisa Bondye ta mande Abraram fè yon bagay konsa? Men Abraram te apwan-n gen konfians nan Bondye menm lè li pat konpwan-n.

Nan denmen maten, bonè bonè, Abraram leve… li pran Izarak ansanm ak de nan domestik li yo… Epi li pati nan direksyon kote Bondye te di l’ la. (Jenèz 22:3)

Sou twa jou vwayaj yo rive nan mòn nan. Lè sa-a:

Lè yo rive kote Bondye te di l’ la, Abraram moute yon lotèl, li ranje bwa yo sou li. Li mare Izarak, pitit gason l’ lan, li mete l’ sou lotèl la, anwo bwa yo. Apre sa, li lonje men l’, li pran kouto a pou l’ koupe kou ti gason an. (Jenèz 22: 9-10)

Abraram te dispose obeyi Bondye. Lè sa-a yon sitiyasyon espesyal te rive.

Men, zanj Bondye a rete nan syèl la, li rele l’: -Abraram! Abraram! Abraram reponn. -Men mwen wi! Zanj lan di l’ -Pa leve men ou sou ti gason an. Pa fè l’ anyen. Koulye a mwen konnen ou gen krentif pou Bondye vre, paske ou pa t’ derefize touye sèl pitit gason ou lan pou mwen. Abraram voye je l’, li wè yon belye mouton ki te gen kòn li yo makònen nan yon lyann. li ale, li pran mouton an, li touye l’, li boule li nèt sou lotèl la pou Bondye nan plas pitit li a. (Jenèz 22: 11-13)

Nan fen istwa-a, Izarak te sove sòti devan lanmò epi papa li te wè yon belye li te touye li nan plas Isarak. Bondye te bay yon belye e belye-a te pwan plas Isarak.

Kounye-a mwen ta renmen poze yon kesyon. Nan pwen sa-a nan  istwa-a  eske se yon belye ki mouri oubyen eske se lavi ki boujonnen.

Pou kisa mwen mande sa se paske Abraram te dwe bay kote ya yon non. Men pi fò moun pèdi enpòtans kesyon sa-a. Men istwa-a ap kontinye.

Abraram te rele kote ya: Bondye ka bay. E menm kounye-a moun yo di : Sou tèt mòn Segnè-a Bondye kapab bay (Jenèz 22:14).

Yon lòt kesyon ankò: Non ke Abraram te bay kote sa-a “Segnè-a ap bay” eske li nan tan pase, tan prezan oswa tan lavni?

Gade nan tan ki gen pou vini- an, pa nan tan ki pase deja

Li byen klè ke Abraram itilize tan lavni. Men anpil moun tou kwè ke lè li te nonmen kote sa-a, li tap panse ak belye Bondye te bay la pou touye kòm sakrifis nan plas Izarak.  Men lè Abraram te bay repons sa-a,  li pat konnen kisa Bondye tap fè, li pat konnen si ta pwal gen belye e se sa ki la fwa-a. Si li te konnen li tap di pito Bondye deja gen repons la e se tap dènye pawòl la. .    Men non an sanble ken rapò ak tan ki gen pou vini, men pa ak sa ki te pase. Abraram pa tap panse sou sa ki rive deja men li bay repons la pou kòz yon lòt bagay ki gen pou vini. Se kisa ?

Ki kote sa ye?

Sonje kote sakrifis sa-a te fèt la, te rakonte nan kòmansman istwa yo.

(“Ale jwenn Izarak,, …. Pwan li nan peyi Morija”)

Sanble sa te rive Morija. Men ki kote li ye? Nan tan Abraram se te yon kote nan rak (2000 ane avan kris la). Te gen anpil raje, belye-a, Abraram ak Izarak sou tèt mòn nan. Mil ane aprè li ta sanble wa David ta bati lavil Jerizalèm nan la, epi pitit gason-l Salomon ta bati premye tanp jwif la menm kote ya tou. Men nou li tou pita nan ansyen testaman:

Apre sa Salomon te kòmanse bati kay Segnè-a nan Jerizalèm sou tèt mòn Morija (2 Kwonik 3:1).

Mòn Morija te vin Jerizalèm, lavil jwif y ak tanp jwif yo. Jodi-a li se yon kote ki apa pou Bondye pou tout pèp jwif la, lavil Jerizalèm se capital peyi Izraèl.

Ki relasyon ki genyen menm ant sakrifis Abraram nan avèk lavi Kris la?

An nou fè yon ti refleksyion sou nonm sa-a ki rele Jezi-a. Lè nou byen gade, Jezi se kris la. Men li te pote lòt non kouwè:

Nan denmen, Jan wè Jezi ki t’ap vin jwenn li, li di: Men ti mouton Bondye a k’ap wete peche moun sou tout latè. (Jan 1:29)

Yo te rele Jezi tou mouton Bondye-a. An nou fè yon pi reflechi sou dènye moman lavi Kris la. Ki kote yo te arete li epi klouwe li sou kwa-a? Se te Jeizalèm (zòn mòn Morija). Sa te pale a klè nan:

Aprann Pilat aprann Jezi te soti nan rejyon ki te sou kòmandman Ewòd la, li voye Jezi bay Ewòd ki t’ap pase kèk jou lavil Jerizalèm lè sa a. (Lik 23:7)

Arstasyon, jijman ak lanmò Kris la te fèt nan vil Jerizalèm, zòn mòn Morija.

Gwo aksyon ki rive sou mòn Morija

A nou tounen nan Abraram. Pou kisa li te bay kote sa-a pote non ki regade tan kap vini: Bondye pwal bay. Izarak te sove nan dènye moman lè yon ti belye te pwan plas li. De mil lane pita Jezi Kris te pote non mouton Bondye-a e yo te klouwe li sou kwa-a nan menm zòn nan. Se sa kifè mwen menm ak ou ka viv jodi-a.

Yon plan ki soti nan Bondye 

Se kòm si gen yon fran konesè ki ranje de evènman sa yo ki separe de de mil lane istwa. Ki sa ki fè rapò ant de evènman espesyal sa yo? Premye evènman-an te lonje dwèt sou dènye-a lè li te itilize tan lavni.  Men kouman Abraram te fè konnen ke bagay sa-a gen pou rive nan tan lavni? Pa gen moun ki ka fè tèt li divinò nan sa ki regade lavni espesyalman bagay ki gen pou rive aprè anpil ane. Sèlman Bondye konnen fen e byen tout sa ki gen pou rive. Wè davans tan ki gen pou vini, realize ke evènman sa yo rive menm kote, , li klè ke bagay sa-a pa kapab plan lòm men se plan ki sòti nan Bondye. Li vle nou reflechi o sijè de sa jan nou pwal wè la-a.

Sèvis sakrifis Abraram nan sou tèt mòn Morija-a, se yon siy ki montre ke sakrifis Kris la te gen pou rive

Bòn nouvèl pou tout moun

Istwa sa-a tou te gen yon pwomès pou-ou. Nan fen istwa sa-a, Bondye pwomèt Abraram ke:

“…nan pitit pitit ou yo, tout nasyon sou late va jwenn benediksyon paske ou te obeyi-m. (Genèz 22:18)

Si-w fè pati nan youn nan nasyon ki sou late, se yon pwomès pou ou ak yon benediksyon ki soti nan Bondye.

Konsa ki sa nou konsidere ki benediksyon. Kouman nou fè genyen li? Reflechi sou istwa sa-a. Menm jan belye-a te sove Izarak ki te sòti nan lanmò, Jezi Kris ti mouton Bondye-a pa sakrifis li sou kwa-a nan menm zòn nan, li sove nou anba pouvwa lanmò. Si bagay sa-a se vre li ta sètènman yon bòn nouvèl.

Sèvis sakrifis Abraram nan sou tèt mòn Morija-a se yon evènman ki enpòtan anpil nan istwa lontan. Bagay sa-a fete pa anpil milyon moun sou tout latè jodi-a. men li se tou yon istwa pou lòm kap viv 4000 lane aprè.