Skip to content

Jezi te vin bay tèt li kòm yon ofrann pou tout pèp sou tout latè. Mesaj sa a te anonse nan kòmansman tan yo. Bondye te mete siyati li nan sakrifis Abraham nan ak fèt pak la. Mete sou sa, anpil pwofèt anonse sa tou plis an detay nan divès pwofesi nan ansyen testaman an. Poukisa lanmò kris la tèlman enpòtan, pouki sa nan li tout pechè jwenn la vi ki pap janm fini an ? Sa a, se yon kesyon pou tout moun bay anpil enpòtans.  Bib la konsidere sa kòm yon lwa lè li di :

Rezilta peche se lanmò….. (Women 6 :23)

Lanmò vle di separasyon.Lè nanm nan separe ak kò a nou mouri fizikman. Se menm bagay lè nou separe ak Bondye, nou mouri espiritièlman. Bondye sen (sa vle di li san peche) men kondisyon lòm pa bon akòz peche premye paran    nou yo.

Nou kapab konprann sa paske lòm kanpe yon bò epi Bonbye lòt bò a, y falèz sa a chaje ak tenèb separe nou de Bondye. Tankou yon branch ki koupe sòti nan pyebwa a mouri, relasyon lòm ak Bondye koupe sa fè lòm mouri espiritièlman.

Tankou yon falèz ki separe de mòn, nou separe ak Bondye akòz peche nou yo.

Tankou yon falèz ki separe de mòn, nou separe ak Bondye akòz peche nou yo.

Separasyon sa fè lòm koupab epi li bay yon sitiyasyon laperèz.Lòm antre nan batay pou li bati yon pon konsa li vle kite bò kote falèz ki gen lanmò a epi rive kote Bondye ap gouvènen nan lòt bò a. Lòm itilize pliziè fason pou li fè sa : tankou  ale legliz, oubyen nan synagòg yo, lè nou chwazi levanjil la, lè nou plis  bon ak plis itil epi lè nou mete tan pou lapriyè Bondye nan syèl la, elatriye. Pou kèk nan nou, kantite bon travay ke nou fè ka anpil, men eske travay sa yo ka ranpli falèz sa a. An-n fè yon ti gade sa ki anba je nou la.

Bon travay nou yo – itil ke yo ka ye, pa kapab ranpli twou separasyon sa a ki genyen ant Bondye ak lòm.

Bon travay nou yo – itil ke yo ka ye, pa kapab ranpli twou separasyon sa a ki genyen ant Bondye ak lòm.

Pou kisa : efò nou yo, byenfonde nou yo, sakrifis nou yo mete ak tout lòt bagay nou realize menm si se bon bagay, yo pa genyen fòs ak kalite pou ranje sa. Sa map di nou la a se vre wi, rezilta qui nesesè pou peche nou yo se lanmò . Efò ke lòm deplòtonnen sanble ak yon pon pou eseye janbe ravin sa a ki separe li ak Bondye, men eske li rive janbe pon an, epi pou kisa. Paske efò ke lòm deplòtonnen twò fèb pou eseye bay solisyon ak pwoblèm sa a. Se tankou yon moun ta vle bay swen ak yon kansè ke li genyen lè li chwazi manje legim. Manje legim pa yon move bagay, men li pa kapab geri kansè. Pousa li bezwen chache yon lòt solisyon.

Jouk koulye a, bagay sa a se pa yon bon nouvèl – nouvèl sa tèlman pa bon ke anpil fwa li fè nou pa renmen tande li, nou menm kwè yon jou li kapab disparèt nèt. Menm jan lè nou soufri kansè nou pran dwòg ki kapab bay bon solisyon ak pwoblèm sa a,  se menm bagay pawòl Bondye bay bon jan enfòmasyon nan sa ki gen rapò sou peche ak lanmò nan lide pou li fè lòm konprann enterè li genyen nan yon solisyon senp men tou ki chaje ak fòs.

Rezilta peche se lanmò; men … (Women 6:23)

Ti mo sa a ‘men’ li vle di ke move nouvèl sa a ka vini yon bon nouvèl. Se bon nouvèl levanjil la – se solisyon an, pou nenpòt moun ki kwè.

Rezilta peche se lanmò; men kado Bondye gratis la, se la vi ki pap janm fini an, nan Jezi Chris Segnè nou an. (Women 6:23)

Bon nouvèl levanjil la vle di ke sakrifis lanmò Kris la ase pou ranpli ravin separasyion ki genyen ant lòm ak Bondye. Sa map di nou la a se vre wi, twa jou apre lanmò li, Jezi leve vivan sòti leve nan kavo a ak tout kò li, li retounen nan la vi ranpli ak tout li menm nan tout kò li. Menm gen anpil sila yo ki jodia chwazi pa kwè nan Jezi ki pote viktwa sou lanmò, men prèv ki pa rete ak prèv kanpe dwat epi pale pou li. Sakrifis Jezi Kris la se yon realite nan sakrifis Abraham nan epi nan fèt pou kòmanse pak la.

Jezi Kris se te yon moun ki te viv sou tè a san peche. Se pou tèt sa li genyen otorite ak pouvwa pou se li menm sèl ki pon an ant lòm ak Bondye. Wi li se sèl wout ki bay la vi a. An-n gade sa ki anba je nou an.

Jezi Kris se lakòl ki kole lòm ak Bondye.

Jezi Kris se lakòl ki kole lòm ak Bondye.

An nou gade kijan sakrifis Kris la rive jwenn lòm. « Yon kado Bondye gratis ». An nou pran yon ti tan pou reflechi sou mo kado. Kelkeswa sa ou kwè nan mo kado, se yon bagay ou pa travay pou li, sa vle di se pa yon bagay ou genyen ak fòs ou. Si se te zafè vanyan gason, jodia  kiyès ki ta ka pale de kado! Se menm jan an tou, kiyès ki ka frape lestomak li epi di konsa : mwen travay, mwen jwenn sakrifis Kris la. Pèsonn paka travay pou sa.

Se pou tèt sa se yon kado ke Bondye fè lòm? Men ki kado sa a, se la vi ki pap janm fini an. Se yon bagay ki fasil pou  lòm konprann. Sa vle di ke peche ki te mennen mwen menm ak ou nan wout lanmò,pa gen pouvwa enkò  sou sila yo ki kwè sa. Depi lè sa a, pon sa se sakrifis Jezi Kris la. Sila yo ki kwè nan sakrifis sa a ka janbe li konsa yo va rive kote Bondye rwa a epi resevwa la vi pou tout tan an.Se kado sa Jezi Kris bay lè li te sòti vivan nan  lanmò. Li bay prèv ke li se Segnè a.

Jodi a mwen menm ak ou, kijan nou ka janbe pon sa ke Segnè a mete pou nou? An nou fè yon ti reflechi ankò sou mo kado a. Si yon moun ba ou yon kado, sa vle di se pa yon bagay ou travay pou li. Men si ou vle jwi kado sa a ou dwe akepte li. Lè yon moun vle banm yon kado, gen de bagay ki ka rive : oubyen  mwen aksepte li, lè sa a mwen di mèsi, oubyen mwen pa aksepte li, lè sa a pa gen mèsi. Menm jan an tou  Bondye lonje bay lòm yon kado ki pa ka ranplase. Li pa ase pou lòm kadò li, men sitou konprann enpòtans li epi jan sa te di pi wo nan tèks la, mache sou pon an, tounen vin jwen Bondie, konsa aksepte kado ke li lonje ban nou an.

Sakrifis Jezi Kris la se yon kado ke chak moun dwe aksepte pou kont li.

Sakrifis Jezi Kris la se yon kado ke chak moun dwe aksepte pou kont li.

Kijan lòm dwe aksepte kado sa a? Pawòl Bondye di konsa:

Nenpòt ki moun rele Segnè a ap sove. (Women 10:13)

Si nou gade byen, pwomès a a se pou tout moun. Akòz Jezi Chris leve sòti vivan nan lanmò, akòz li vivan jodi a epi li se Segnè a, si ou rele li lap tande vwa ou sitou lap lonje kado a ba ou. Men ou gen bezwen fè sa ou menm jan ou wè li bon. Petèt ou poko janm fè sa. Pawòl sa yo kapab ede ou konprann bezwen pou ou fè yon ti pale ak Segnè a. Se pa paske mo yo gen yon pouvwa mistè, men tankou Abraham se konfyans nou nan pouvwa Segnè a epi kouman li vle ban nou kado a. Si nou fè li konfyans, lap tande nou epi pa gen dout li va reponn nou. Levanjil la, menm jan li gen anpil fòs, se konsa tou li senp anpil.  Moun ki vle aksepte kado sa a epi mache ak Jezi pa nan vire gade dèyè. Lavi li chanje la pou la, li vini yon moun tou nèf epi li pare tou pou bay zanmi li ak tout fanmi li bon nouvèl la tou.

Segnè Jezi, jodi a mwen konprann ke avèk peche nan lavi mwen, mwen separe nèt avèk Bondye. Menm si mwen deplòtonnen anpil efò, pa gen okenn efò, okenn sakrifis ki kapab ranpli ravin separasyon sa a ki genyen ant mwen menm ak Segnè a. Se poutèt sa, lòm dwe konprann ke se sèl lanmò Segnè a kòm sakrifis ki kapab lave peche lèzòm, epi pam yo tou. Mwen kwè ke Segnè a soti vivan nan lanmò pou fè tout moun konnen ke sakrifis li a ase. Map lapriyè pou Segnè a geri mwen anba peche m’ yo, pou li mete m kadò avèk Bondye, konsa mwen va gen lavi ki pa janm fini an. Mwen pa vle viv kouwè yon esclav peché ankò, fèm sòti anba pouvwa peche. Kite m di Segnè a mèsi paske li fè tout sa pou mwen epi mete sou sa li vle gide la vi mwen, li vle mwen mache dèyè l ck